Haitian Creole Bible

Psalms 149

Psalms

Return to Index

Chapter 150

1

 ¶ Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! 


2

 Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs! 


3

 Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! 


4

 Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen! 


5

 Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! 


6

 Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a! 


Proverbs 1

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: